Ti Kriye Pou Kokoye [Kanaval 2017]-Djakout #1

Genre-Kanaval
Year-2017
Lè m rete m sonje kokoye m nan
Bèto pa vin pran pòz kriye w la. M te pale w. M te di w fè menm jan avè m. M rete kay manman m, m pa gen dwa depanse yon dola.
Ou menm tout pòch ou se kadna wi, tèlman w ping
Ping, sa w di la ? Gen pi ping pase w?
Wouy, wouy
Ranje kò w papa

Mesye, mesye, n pa bezwen goumen, se de frè nou ye
Oh oh apa son w sis kap mande on nèf kòman l fè kochi konsa ?

Ou fin kraze brize w
Pa vin pran pòz kriye w
Pran responsabilite w

Ou pa egare

Sou katye mòn kalvè mwen te konn yon epav yo rele Bèto
Li te gwo kokotye e tout pasyon l se te bwè dlo coco
Baryè l rete ouvè yon bon jou Vandredi, l soti nan tèt cho wo
Vagabon debake, grenpe pye kokoye, vòlè tout coco

Ti Bèto fache, fache – l rale manchèt li l koupe pye cocoye
Ti Bèto fache, fache – li fè kòlè, l abondone
L abandone (2x)

Ou fin kraze brize w
Pa vin pran pòz kriye w
Pran responsabilite w
Pa pran m pou enbesil

Se konsa nou ye

Nou menm gason se tankou nou deraye – konsa n ye
Nou menm gason nou toujou pran pòz kriye n – konsa n ye
Nou menm gason nou panse nou gen lespri – konsa n ye
Dèfwa nou sòt pase panyen pèsi

Si ou te bezwen pye bwa, ou pa t a fè l konsa
Gad eta w jodya

Ou fout regrèt ti rechinya

Bèto ti kriye (3x)
Sak te di w divòse

Sispann kriye pou kokoye (4x)

Se sa l ye – pa gen wout pa bwa
Sa w manje – se li w pral ahah

Ou manje zaboka – zaboka ou ahah
Ou manje papita – papita ou ahah
Ou fin voye ahah w Ti Bèto, ranmase ahah w

Ramase ahah w (4x)

Woy woy pwoblèm pap janm fini

Veye l oh (3x)
Bèto nan tout lari lap gripe pye kokoye
Veye l oh (3x)
Bèto gen nostaji

Si ou antre lakay ou, ou bare l nan jadin w
Sou tèt pye kokoye w, ou rale fistibal

Ou tire – baw li pa tonbe
Tire ankò – baw li pa tonbe
Tire pifò – baw li pa tonbe
Mete fistibal atè, leve de men anlè
Nou pral souke pye bwa pou n fout Bèto anba

Souke souke pye bwa a souke – Fout li anba
Souke souke pye bwa a souke – Bèto al anba
Souke souke pye bwa a souke – Fout kò w anba

Heyo heyo (4x)
Ayayay (7x)
Ayayayayay

Ann fon w lòt bagay
Ti Nato fin granmoun li ret kole kay manman l

Ti Nato – kite kay manman w (2x)
Ou pa vle chèche wout kay ou paske w pa vle depanse
Ou pa vle chèche wout kay monchè ou son w tchèlèlè

Tout moun fin konnen w
Ou pap kite kripya
Oh non

Anmwey
Se sa, se sa

Depi Djakout poko rive
Chanmas poko fete
Plenyen sou plenyen
Ay lè mwen rive sou chanmas la
M pa vle wè pèsòn ret bwa kwaze
Fè men yo fè kolizyon – pla
Tout moun fè men yo fè kolizyon – plah
M pa wè, fè men yo fè kolizyon
Tout fanatic Djakout – wey

Mwen vle wè chemiz, mayo kepi, mouchwa anlè
Lwa kanaval mwen monte m

Sa Djakout gen la (5x)

Way chen mòde m (4x)

Wouch manman, oh oh oh
Sa pou n fè nan peyi sa
Woyy woy
Oh Bondye papa, nou pa kapab
Fè lavi chè bese
Ban nou sekirite
Tanpri wa di yon mo

Si ou antre lakay ou, ou bare l nan jadin w
Sou tèt pye kokoye w, ou rale fistibal

Ou tire – baw li pa tonbe
Tire ankò – baw li pa tonbe
Tire pifò – baw li pa tonbe
Mete fistibal atè, leve de men anlè
Nou pral souke pye bwa pou n fout Bèto anba

Souke souke pye bwa a souke – Fout li anba
Souke souke pye bwa a souke – Bèto al anba
Souke souke pye bwa a souke – Fout kò w anba

Heyo heyo
Ayayay
Ayayayayay

Ann fon w lòt bagay
Ti Nato fin granmoun li ret kole kay manman l

Ti Nato – kite kay manman w
Ou pa vle chèche wout kay ou paske w pa vle depanse
Ou pa vle chèche wout kay monchè ou son w tchèlèlè

Tout moun fin konnen w
Ou pap kite kripya
Oh non

Anmwey
Se sa, se sa